AYITI GRANMOUN

Zanmi kanmarad pwovèb la di Granmoun pa jwe:

Lè rive pou nou fout revolte

Pa gen yon sèl ayisyen ki ka di li santi li alèz nan sitiyasyon malouk sistèm asasen an plonje peyi a. Fòk nou fè yon tèt ansanm pou nou di o la. Nou pa dwe pèdi tan. Pita ka pitris.

Tèt ansanm sa a, fwa sa a, dwe pèmet tout bon vre nou mete Ayiti sou ray devlòpman. GRANMOUN ak tout lòt òganizasyon nan peyi a ki vle sa chanje tout bon vre, pral travay pou sa fèt.

Tankou yon rat dokale, systèm nan gen lontan lap fè ravaj nan peyi a: Li pa vle pitit pèp la gen batistè pou yo pa jwenn pa yo nan eritaj zansèt nou yo - li pa vle peyizan konn li ekri pou yo pa wè sa malfektè ap fè kont enterè yo – li mete yon bann ak yon pakèt moun nan chomaj pou l ka sèvi ak mizè yo - li pa vle desantralizasyon pou anpeche moun nan plenn, abitan nan mòn, jwenn sèvis leta san pwoblèm – Sistèm delenkan an pa vle moun serye antre nan pouvwa a poul ka toujou blayi kò l nan peyi a, pou fè mal.

Nan dènye tan yo, peyi dAyiti anbreye nèt sou bak. Dezòd toupatou: nan fanmi, nan lekòl, nan inivèsite; andedan leta a, bagay yo dejenere. Sistèm san manman an mete tout prensip lalwa ajenou epi remèt pouvwa a bay sanginè. Nan moman n ap pale la a, Pa gen okenn politik an ayiti pou fè moun viv tankou moun. Tout sa pou manje, se sendomeng ak lòtbò dlo yo sòti pandan tout bon tè peyi a rete san travay.

Sistèm tèt chaje sa a vire peyi a tèt anba. li onore sanzave. Li pa siye ak moun debyen. Depi kèk tan, li bay nèg pouvwa nan eleksyon konfizyon magouy pou fè pèp la tounen avadra. Li lage yon mas moun nan lari ap chache pen nan fatra. Lòt bò dlo, kote leta respekte sitwayen, menm chen ak chat gen enpòtans, ale wè pou moun.

Sistèm san koutcha a fè etranje okipe nou plizyè fwa. Kote nap pale la Ayiti anba Kwa lokipasyon etranje. Lòt peyi pa gen okenn respè pou nou, noumenm ki te yon modèl nan zafè dwa ak libète. Jodi a, Ayiti tounen yon bòdèl. Pandan tout pèp ap vanse, nou menm n ap ranse. Poutan, Ayiti cheri se yon paradi pou yon bann epav ki pa gen patri.

Sistèm malpouront la chita sou mansonj, blòf, demagoji ak kòripsyon. Konstitisyon ak lalwa se enmi achane sèvitè systèm nan. Abraham di sètase. Lè a rive pou nou fout revolte.

Nou pap kite pawòl tafia fè nou kwè gen lespwa. Yon ti ekip san manman, depi 20 lane, pran tèt leta epi sèvi ak mizè pèp la pou brote anpil milyon. Nan yon politik je wè bouch pe, yo pran pouvwa pou tire epe kont mas pèp la. Malere bouke rele anmwe, dirijan ensense yo di se bri sapat.

Nan yon peyi, kote anpil moun ap soufri, n ap revolte pou nou fini ak plezantri epi tabli yon lòd ki pa chita sou tirani. Bouch tout moun fann, fòk yo fout manje. Pou sa rive fèt, fòk nou ranvèse systèm ti lolit kraze zo a.

Ann kole zèpòl pou nou fini ak systèm makaron sa a ki fè se sèlman Ayiti nan mitan lanmè dèzanti kap benyen nan dlo santi. Ann kole zèpol pou nou ranvèse systèm sa a kap boulvèse bil peyi a depi plis pase 200 zan e ki menm fè kwè, fòk yo bay pri ak vedegri kap fè moun soufri.

HAITI GRANMOUN envite tout òganizasyon serye kap feraye nan peyi dAyiti vini pote kole pou nou fini ak systèm asasen sa a epi konstwi ansanm yon etadedwa kap gen pou sèl misyon fè tout ayisyen viv tankou moun, anba limyè lalwa.

22 septanm 2010

Moun ki ekri tèks sa a, se Mèt avoka Rene Julien